Atelye tematik:

Kèk atelye tematik rechèch nan Greska

1. Atelye tematik sou sans nan inite leksikal ak gramatikal yo

          Rechèch ki fèt nan atelye sa a kapab entèrese ak kesyon konstriksyon sans nan inite leksikal yo tankou non, adjektif, vèb ak advèb epi nan inite gramatikal yo tankou pwonon, detèminan ak prepozisyon. Rechèch sou sans entèjeksyon yo kapab enterese l tou. Li kapab gade tou kòman yon seri mòfèm patisipe nan konstriksyon sans nan kèk leksèm nan kreyòl ayisyen an.

2. Atelye tematik sou sans nan tèks, fraz ak diskou

     Rechèch ki fèt nan atelye sa a kapab enterese ak konstriksyon sans nan tèks, nan fraz ak diskou. Refleksyon ki fèt nan semantik tekstyèl yo ak enonsyasyon yo ap itil atelye sa a anpil. Atelye sa a kapab gade tou entèraksyon oubyen rapò ki genyen ant fraz, tèks ak diskou

3. Atelye tematik sou sans nan modalite, tan ak aspè

          Atelye sa a kapab reflechi sou sans nan modalite, tan ak aspè nan tout lang kreyòl yo pandan l ap mete anfaz sou kreyòl ayisyen an. Rezilta rechèch sila yo kapab sèvi pou fè limyè sou refleksyon ki egziste an jeneral nan lengwisktik sou kategori sa yo.

4. Atelye tematik sou sans nan filozofi langaj

       Atelye sa a kapab enterese gade kòman refleksyon ki egziste nan lengwistik yo ak nan filozofi langaj yo sou sans kapab fè limyè sou konstriksyon sans nan kreyòl aysiyen an, gade ki dyalòg ki kapab genyen ant refleksyon lengwistik yo ak refleksyon filozofik yo sou sans pandan li chita sou done kreyòl yo.

Foto greska1
Foto greska3
Retour en haut