Evènman
Nou prezante tout evènman Greska òganize yo. Nou mete ladan li Rankont Lengwistik Ayisyen, Klèb Lekti Greska, jounen etid ak atelye gwoup la mete sou pye, fòmasyon ak lòt aktivite espesyal ki vize ranfòse kapasite akademik ak pwofesyonèl manm yo ak piblik la. Nou mete tou evènman pase Greska yo, yon fason pou pataje memwa syantifik gwoup la epi montre dinamik rechèch li, refleksyon ak konesans li pwodui sou lang kreyòl ayisyen an.