Klèb Lekti Greska
Prezantasyon klèb la
- Objektif ak filozofi Klèb la
Klèb Lekti Greska a se yon espas refleksyon, pataj ak aprantisaj kote manm gwoup la rankontre pou yo diskite epi analize tèks syantifik ak literè ki gen rapò ak lengwistik, tradiksyon ak edikasyon.
Li vize :
- Devlope abitid lekti regilye nan mitan manm yo ;
- Fòme etidyan ak chèchè nan analiz kritik tèks syantifik ;
- Ankouraje patisipasyon aktif ak deba entelektyèl ;
- Kreye yon espas solidarite ak kolaborasyon entelektyèl ;
- Bati yon kilti rechèch ki chita sou lekti ak refleksyon kolektif.
Klèb la se tou yon zouti pou prepare manm yo pou kominikasyon syantifik, prezantasyon nan kolòk ak soutnans memwa.
- Fonksyònman Klèb la
Klèb Lekti Greska a gen règ ak estrikti ki pèmèt li fonksyone ak disiplin.
a) Frekans ak fòm rankont yo :
- Rankont yo fèt chak dènye samdi nan mwa yo, soti 4è pou rive 6è PM.
- Seyans yo fèt an liy sou platfòm Google Meet.
- Nan chak seyans, gen yon tèks nou seleksyone alavans pou lekti.
b) Dewoulman chak seyans :
- Yon manm prezante tèks la (rezime, tèm, objektif, apwòch).
- Diskisyon kolektif sou tèks la (entèpretasyon, kritik, kesyon ouvè).
c) Rapò seyans lan :
Nou chwazi yon manm pou fè yon rapò sou dewoulman seyans lan pou pèmèt lòt moun ki pa t ka patisipe nan seyans lan wè kòman sa te pase.
d) Òganizasyon ak responsab :
- Klèb la gen 2 responsab ki jere òganizasyon seyans yo :
- Gabriella Nissi Jean
- Patrice Kanndèl Edouard
- Responsab yo planifye tèks yo, lanse apèl pou lekti, epi kontwole bon fonksyònman klèb la.
- Klèb la gen 2 responsab ki jere òganizasyon seyans yo :
e) Patisipasyon ak disiplin :
- Tout manm GRESKA gen dwa patisipe.
- Manm yo dwe montre respè pandan deba yo
- Kèk nan tèks nou li deja nan Klèb la
- Structuralisme et sciences humaines — Patrick Juignet (2015)
- La théorie interprétative de la traduction — Marianne Lederer (2016)
- Le traducteur, le facteur déterminant dans la réexpression du vouloir dire original — Florence Elomba (2013)
- L’acquisition du langage — Harriet Jisa (2023)
- Pwojè Klèb la
- Kreye yon Bibliyotèk GRESKA ak tèks lekti yo (PDF ak fòma papye).
- Pibliye ti dosye tematik sou tèks nou li yo (yon fwa pa ane).
- Òganize Jounen Lekti GRESKA kote manm yo ap prezante yon tèks ki enspire yo.
- Fè atelye analiz tèks pou etidyan nan lisans yo.