Pwojè:

Greska reyalize kèk pwojè rechèch deja, li genyen lòt pwojè l ap travay sou yo nan moman an. Men yon lide sou pwojè sa yo:

Pwojè 1: Etid sans nan tèks mizikal an kreyòl ayisyen
Pwojè sa a analize fason sans konstwi nan tèks mizikal an kreyòl ayisyen, kijan chantè yo pwodui sans nan tèks yo ak fason piblik la entèprete mesaj yo. Nou pibliye li deja sou fòm yon liv kolektif nan Edisyon Zemès nan lane 2025 epi nou te prezante li nan Mizik an Foli ki te fèt nan menm ane a.

Manm: Moles Paul, Francklyn Dorcé, Schneidyne St Surin, Benson Jean Baptiste, Jean Odelin Petit-Frère, Shesly Python, Shadrack Jeanlus.

Pwojè 2: Tradiksyon woman Stella (Emeric Bergeaud) an kreyòl ayisyen
Pwojè tradiksyon woman Estela an kreyòl ayisyen fèt sou direksyon Pwofesè Moles Paul. Nou deja soumèt li bay Legs Edition pou piblikasyon nan lane 2026.

Manm: Moles Paul, Job Silvert, Mideline Dragon Jules-Saint, Achille Bedina, Benson Jean-Baptiste, Fegens Paul, Gaëlle Joseph, Filisner Dieujuste, Gabriella Nissi Jean, Jean Odelin Petit-Frère, Kembson Deluce, Kensley Brutus, Kerby Levensky Lambert, Claudel Pierre-Louis,  Patrice Kanndèl Edouard, Sapientia Dorvilier, Schinaider Cellard, Schneidyne St Surin, Shesly Python.

Pwojè 3: Redaksyon yon gramè kreyòl ayisyen
Pwojè sa a ap fèt sou direksyon Doktè Mideline Dragon Jules-Saint ak Doktè Moles Paul ak patisipasyon anviwon dis (10) lòt kòlèg ki se manm kolaboratè GRESKA ak lòt kòlèg nou envite vin kolabore avèk nou.

Manm: Moles Paul, Mideline Dragon Jules-Saint, Job Silvert, Bizenthé Déravil, Fegens Paul, Kensley Brutus, Claudel Pierre-Louis, Michelet Michel, Patrice Kanndèl Edouard, Stevenson Merisema, Pierre Eden Février, Schinaider Cellard.

Foto greska8
Foto greska
Retour en haut