Rankont Lengwistik Ayisyen:

Yon ti mo sou lengwistik ayisyen an

 

          Lengwistik ayisyen an, jan Paul et al. (2022)[1] defini li, fè referans ak tout etid lengwistik ki fèt an Ayiti oubyen lòt kote sou kreyòl ayisyen an (KA) e sou lyen ki egziste ant KA ak lòt lang yo. Se yon efò pou konstwi yon refleksyon syantifik sou lang ak reyalite lengwistik pèp ayisyen an an jeneral. Se yon tradisyon rechèch ki kòmanse depi kòmansman ventyèm syèk la ak travay Sylvain (1936) ak Faine (1937). Paul et al. (2022) montre pi fò deba yo jiskaprezan te fèt sitou sou kesyon òtograf kreyòl ayisyen an.

 

Kisa Rankont lengwistik ayisyen an ye?

 

          Rankont lengwistik ayisyen an se yon aktivite Mastè LTD (Lengwistik teyorik ak deskriptif) FLA a (Fakilte Lengwistik Aplike) ki fè pati Inivèsite Leta Ayiti a òganize nan tèt kole ak Laboratwa LangSÉ (Langue, Société, Éducation) epi GRESKA (Gwoup Rechèch sou Sans nan Kreyòl Ayisyen) nan lide pou yo envite yon chèchè vin prezante yon sijè ki gen rapò ak yon pwoblematik nan lengwistik ayisyen an ki konsène sentaks, mòfoloji, semantik, fonetik, fonoloji, elatriye. Men tou, nou asepte pwoblematik ki gen pou wè ak lengwistik jeneral. Se yon apèl pou gen plis travay refleksyon ak rechèch sou KA jan Paul et al. siyale sa pou konprann pi byen fonksyónman kreyòl ayisyen an ak reyalite sosyolengwistik peyi a.

Se yon aktivite ki ap dire 120 minit k ap fèt nan fòma ekspoze epi ap gen entèraksyon ant chèchè a ak patisipan yo. Chèchè a ap gen 60 minit pou li fè ekspoze a epi lòt 60 minit la se ap moman ki rezève pou seyans kesyon /repons yo. Pafwa nou ka envite 2 chèchè vin prezante, lè sa a, yo chak ap gen 30 minit pou fè prezantasyon pa yo a.

[1] Paul Moles et al. (2022), Pou yon lengwistik ayisyen. Rechèch Etid Kreyòl 1 « Òtograf kreyòl : istwa, evolisyon, kesyònman. Fokis sou kreyòl ayisyen an », Renauld Govain (dir.).

 

Kilè epi kijan aktivite a ap fèt?

 

           L ap fèt an liy sou platfòm Google Meet oubyen Microsoft teams chak dènye vandredi nan mwa yo soti 4è pou rive 6è PM.

 

Kritè patisispasyon

          Pou yon chèchè patisipe nan aktivite sila a, komite a ka voye yon envitasyon pou li. Chèchè a ka pwopoze pou li fè yon prezantasyon tou. Lè l fin resevwa envitasyon an, oubyen depi nou asepte pwopozisyon li a, li ap gen pou li voye sijè rechèch li a bay komite a oswa bay responsab Mastè a ak yon rezime ki montre aklè pwoblematik ki nan sijè a, l ap fè sa pou pi piti yon mwa anvan prezantasyon an. Moun k ap prezante a kapab yon chèchè ki fè non l deja, li pa oblije fè pati yon laboratwa rechèch; konsa tou, li kapab yon doktoran oubyen yon etidyan nan mastè a. Moun ki pa nan Mastè a ki ta renmen swiv eskpoze yo, yo ap jwenn lyen an disponib sou paj Mastè a (https://ueh.edu.ht/master-en-linguistique-theorique-et-descriptive-de-la-faculte-de- linguistique-appliquee-fla/) ak sou tout lòt platfòm nimerik ki gen rapò ak mastè a (https://www.facebook.com/profile.php?id=61565832689751). Pou pwopoze yon prezantasyon oubyen resevwa divès anons nou yo, nou kapab voye yon mesaj nan adrès sila a : master.fla@ueh.edu.ht.

 

Kiyès k ap gen pou anime Rankont sa yo ?

           Moun k ap gen pou jere rankont sa yo, se yon manm LangSÉ oubyen yon manm GRESKA ak/oubyen Responsab Mastè a. Moun sa yo kapab chwazi lòt kòlèg pou anime yon seyans oubyen pou jwe wòl moderatè nan yon seyans.

 

Kondisyon pou animasyon rankont yo fèt:

 

Moun k ap gen pou jwe wòl moderatè nan chak rankont yo dwe:

      • gen bon jan enfòmasyon sou chèchè
      • konprann sijè a nan tout nivo
      • pale epi metrize lang entèvenan an oubyen metrize lang li ap gen pou prezante sijè
      • Entwodui sijè a pandan l ap sèvi ak rechèch entèvenan an fè deja yon mwayen pou prezante li ak enpòtans rechèch li yo genyen nan disiplin l ap evolye a.
      • byen òganize moman kote chak moun ap gen pou pran lapawòl nan lè ki te rezève pou entèvenan yo, pou moun nan piblik la k ap fè echanj ak entèvenan yo nan moman seyans kesyon / repons yo.
      • anvan rankont lan kòmanse, mande tout patisipan yo pou yo fèmen mikwo yo pandan chèchè a ap fè ekspoze a pou evite gen fidbak.
      • anvan seyans kesyon/ repons yo, toujou fè yon rezime sou gran pwen prezantasyon an
      • nan fen rankont lan, prezante patisipan yo kalandriye lòt rankont ki ap genyen yo, sijè yo ak entèvenan ki ap gen pou prezante yo.
Retour en haut